ToXic (feat. Durkheim)

Teddy Hashtag

Compositor: Não Disponível

Avè w m santi lavi m tou ante
Men w fè moun konnen mwen k toumante w
M pa g on easy life, men m bay sa pou m bay
M menm bay plis ke sa w te mande

Eskize m si m di w
M pa kapab ankò kè m di stop
M p ap kriye men si m sòti nan sa
M t ap kontan si m ta siviv
Ou f on maladi w al
Met dife nan paradi a
Ou kite m lè w vle w retounen
E soufrans yo tout rete pou mwen

Men malgre sa m kole, chak fwa mwen sonje
Bèl moman nou pase yo
Anndan m ap rache m, chak fwa m eseye
M wè m paka efase yo

Toxic, ou toxic (yeah)
Twò toxic pou mwen
Toxic, ou toxic (yeah)
Twò toxic pou mwen

Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri, w a padone m
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri, w a padone m

Pa vin fè stipid la, ni monte vwa w sou mwen
Sa n tap viv la te ka, tout bagay sof renmen
Pou jan m konnen w fè m mal
Chak jou s on menm refren
Si m te dwe w, ou met touche
Men please fò w ban m monnen
Tout sa mwen fè pat janm sifi
Se kòmsi mwen menm avè w nou pa t janm ini
San manti fò ta di m wè w renmen soufri
Yon pati nan ou toujou vle m san anpati, en partie

Ou fè m santi ou mal
Poutan m t ap fè ou byen
Mal pou ou vin nòmal
Maux w yo m te vle pran swen

Toxic, ou toxic (yeah)
Twò toxic pou mwen
Toxic, ou toxic (yeah)
Twò toxic pou mwen

Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri, w a padone m
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri, w a padone m

Si yè mwen avè w n te makonnen
Lè yo t ap di m m a konnen
Jodi an m pa t ap konnen konnen konnen
Ke l t ap monte desann nan lavi moun
Nan love li s on nomad
Paske m te jwenn kè l plen sequel
M panse plè l à la fin l fè m mal

Toxic, ou toxic (yeah)
Twò toxic pou mwen
Toxic, ou toxic (yeah)
Twò toxic pou mwen

Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri, w a padone m
Plede fè m mal mal mal
Pi aprè pou w vin di mwen
Cheri, w a padone m

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital